The official Emergency Rental Assistance Program for New York State

Apèsi ak Elijibilite nan Pwogram lan

Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans (Emergency Rental Assistance Program, ERAP)

Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans Eta Nouyòk la (ERAP) pral pote yon gwo soulajman ekonomik pou ede fwaye ki gen revni fèb ak modere ki riske pèdi kay yo oswa ki riske gen enstabilite lojman atravè asistans l ap ba yo pou yo peye mwa lwaye anreta yo, asistans tanporè pou lwaye ak asistans pou pèman sèvis piblik yo poko peye yo.

Li plis konsènan ERAP


Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo (LRAP)

Apati jedi 7 oktòb 2021 a 9:00am, yo ap kòmanse asepte aplikasyon pou Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo (LRAP) ki bay asistans a pwopriyetè ki gen lokatè ki pa vle aplike pou Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans lan (Emergency Rental Assistance Program, ERAP), sa gen ladan l tou si lokatè a kite lwaye a. Yo ka bay èd ak fwaye ki gen yon lwaye ki rive jiska 150% Lwaye ki sou Mache Ekitab (Fair Market Rent, FMR) la nan konte kote lwaye a ye a.

Li plis konsènan LRAP

Bezwen èd?

Ou ka kontakte Sant Apèl Kliyan nou an nan: 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368)