The official Emergency Rental Assistance Program for New York State

Apèsi ak Elijiblite nan ERAP

Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans (Emergency Rental Assistance Program, ERAP)

Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans Eta Nouyòk la (ERAP) pral pote yon gwo soulajman ekonomik pou ede fwaye ki gen revni fèb ak modere ki riske pèdi kay yo oswa ki riske gen enstabilite lojman atravè asistans pou reta peman lwaye, asistans tanporè pou lwaye ak asistans pou reta sou pèman sèvis piblik yo.

Moun ki rete nan Eta Nouyòk yo ka elijib pou asistans pou lwaye ERAP yo si:

  1. Revni brit fwaye a egal oswa pi ba pase 80 pousan Revni Mwayen Zòn nan (Area Median Income, AMI). Limit revni sa yo diferan selon konte a ak selon kantite moun ki nan fwaye a. Yon fwaye ka kalifye selon revni aktyèl li oswa selon revni ane sivil 2020 an ki egal oswa ki pi ba pase 80 pousan AMI an. EPI
  2. Si nan dat 13 mas 2020 an oswa apre l, yon moun nan fwaye a te resevwa alokasyon chomaj oswa yo te redui nan revni l, li te fè gwo depans oswa li te genyen lòt difikilte finansye, dirèkteman oswa endirèkteman, akoz pandemi COVID-19 la. EPI
  3. Si moun k ap aplike a dwe peye lwaye rezidans prensipal li a epi li gen reta sou lwaye (lwaye a bout) rezidans aktyèl li a pou lwaye ki bout apati 13 mas 2020. Fwaye ki elijib pou reta sou lwaye yo ka elijib tou pou èd pou peye reta sou sèvis piblik yo nan menm apatman lwaye a. EPI
  4. Fwaye a gen risk pou yo vin sanzabri oswa gen enstabilite lojman, sa yo ka rive demontre lè gen reta sou lwaye yo dwe apati oswa apre 13 mas 2020.


Priyorite nan Tretman Aplikasyon yo

Pandan 30 premye jou pwogram nan, y ap bay fwaye yo priyorite nan lòd sa a:

  • Fwaye ki gen revni ki egal oswa ki pi ba pase 50 pousan AMI an epi ki gen ladan tou yon moun nan fwaye a ki: P ap travay depi omwen 90 jou nan moman an; oswa ki se yon veteran; oswa ki se viktim vyolans domestik nan moman an oswa ki se yon sivivan trafik moun; oswa ki gen dosye ki an rapò ak rezidans aktyèl li a ki annatant nan tribinal pou yo mete l deyò: oswa ki abite nan yon kay mobil epi li gen reta ki monte sou lwaye teren kote li ye a; oswa ki ap viv nan yon kominote COVID-19 la te touche nan yon fason depase; oswa ki ap viv nan yon bilding oswa yon devlopman ki gen 20 inite oswa mwens.
  • Fwaye ki gen revni ki egal oswa ki pi ba pase 50 pousan AMI an.
  • Fwaye ki gen revni ki egal oswa ki pi ba pase 80 pousan AMI an epi ki gen ladan tou yon moun nan fwaye a ki: P ap travay depi omwen 90 jou nan moman an; oswa ki se yon veteran; oswa ki se viktim vyolans domestik nan moman an oswa ki se yon sivivan trafik moun; oswa ki gen dosye ki an rapò ak rezidans aktyèl li a ki annatant nan tribinal pou yo mete l deyò: oswa ki abite nan yon kay mobil epi li gen reta ki monte sou lwaye teren kote li ye a; oswa ki ap viv nan yon kominote COVID-19 la te touche nan yon fason depase; oswa ki ap viv nan yon bilding oswa yon devlopman ki gen 20 inite oswa mwens.
  • Fwaye ki gen revni ki egal oswa ki pi ba pase 80 pousan AMI an.


Apre 30 premye jou yo, y ap trete aplikasyon tout fwaye ki elijib yo dapre prensip moun ki vin anvan se li y ap sèvi anvan, toutotan gen fon ki disponib. Fwaye yo apwouve pou èd pou lokasyon ERAP yo ka resevwa:

  1. Jiska 12 mwa pèman sou reta lwaye pou pri lwaye akimile apati 13 mas 2020 oswa apre.
  2. Si yo apwouve asistans pou reta lwaye yo, jiska 3 mwa asistans pou lwaye anplis si fwaye a depanse 30 pousan oswa plis nan revni pa mwa brit yo a pou peye lwaye a.
  3. Jiska 12 mwa reta sou kouran oswa gaz pou pèman sèvis piblik ki te akimile apati 13 mas 2020 oswa apre.
  4. Y ap fè pèman yo dirèkteman bay pwopriyetè a ak bay konpayi sèvis piblik la sou non lokatè a. Yo ap mete lokatè ki aplike yo okouran de kantite lajan yo peye pou yo a. Si yon pwopriyetè difisil pou lokalize oswa si li pa bay enfòmasyon ki nesesè pou yo ka ranpli aplikasyon an, apre premye efò sansibilizasyon yo, y ap kenbe lajan an pandan 180 jou pou yo ka bay ase tan pou yo lokalize pwopriyetè a epi jwenn enfòmasyon ki nesesè yo ansanm ak pou pwoteje lokatè yo epi maksimize patisipasyon pwopriyetè yo.

Lis Dokimantasyon ERAP FAQ ERAP yo

Bezwen èd?

Ou ka kontakte Sant Apèl Kliyan nou an nan: 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368)