The official Emergency Rental Assistance Program for New York State

Apèsi ak Elijiblite nan LRAP

28 septanm 2022 Mizajou Enpòtan nan LRAP

Yo pa aksepte demann pou Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè (LRAP) yo ankò. Selon lwa Eta a, OTDA ap trete tout demann LRAP yo pou pwopriyetè yon imèb 20 lojman oswa mwens ki te soumèt anvan dat fèmti aplikasyon LRAP yo ki se 21 novanm 2021 an.

Akoz kantite demann yo resevwa, OTDA kounya sèlman an mezi pou trete demann pwopriyetè yon imèb 20 lojman oswa plis ki te soumèt apati oswa nan dat 6 novanm 2021.

Pwopriyetè ki te deja soumèt yon demann konplè ka toujou gen aksè ak kont yo a epi revoye tout dokiman ki nesesè yo. Y ap mete notifikasyon sa ajou si vin gen fon anplis ki disponib pou peye demann elijib pwopriyetè yon imèb 20 lojman oswa plis ki te soumèt aprè 6 novanm 2021.

Yo p ap evalye elijibilite pwopriyetè lojman kote lwaye fwaye lokatè a limite ak yon pousantaj nan revni fwaye a, toutotan yo poko egzamine tout lòt demann yo epi y ap resevwa yon asistans sèlman si gen fon ki rete disponib. Kategori lojman ki konsène yo se sa yo: Lokatè ki benefisye yon sibvansyon pou lojman nan seksyon 8 la, yon sibvansyon nan seksyon 8 la ki baze sou yon pwojè oswa sa ki rezide nan yon lojman piblik oswa nan lòt sitiyasyon lojman oswa kote lwaye a limite ak yon pousantaj detèmine nan revni yo.


Apèsi

Yo te aksepte demann pou Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè (LRAP) soti jedi 7 oktòb 2021 a 9:00 nan maten pou rive 21 novanm 2021 a 5:00 nan aprèmidi. LRAP bay asistans pou lwaye pou pwopriyetè ki gen lokatè ki pa vle aplike pou Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans lan (Emergency Rental Assistance Program, ERAP), sa gen ladan l tou si lokatè a kite lwaye a. Yo ka bay èd ak fwaye ki gen yon lwaye ki rive jiska 150% Lwaye ki sou Mache Ekitab (Fair Market Rent, FMR) la nan konte kote lwaye a ye a.


Elijibilite

Pwopriyetè k ap lwe lojman ki nan eta New York yo elijib pou ERAP si yo reponn ak kritè sa yo:

  • Pwopriyetè a gen yon lokatè ki kite yon apatman nan eta New York la ak dèt lwaye li pa peye oswa pwopriyetè a gen yon lokatè ki gen aryere lwaye ki ap viv nan yon apatman nan eta New York la ki refize aplike pou ERAP epi pwopriyetè a te kontakte lokatè a pou ankouraje li patisipe nan ERAP pou pi piti 3 fwa pami yo, 2 alekri.
  • Montan lwaye a egal oswa enferyè a 150% lwaye sou mache ekitab la (FMR) pou kote li ye a. Limit sa yo baze sou konte a ak kantite chanm lwaye ki lwe a genyen. Si montan lwaye a pa mwa depase 150% FMR la, pwopriyetè a p ap elijib pou èd.
  • Pwopriyetè a dokimante lwaye lokatè a pa peye pou lojman li an pou montan ki komanse akimile apati premye mas 2020.

Pa gen okenn egzijans sitwayènte oswa estati antanke imigran pou w ka elijib pou pwogram lan.

Tout pwopriyetè ka aplike depi pwogram lan ouvè. Pou premye 45 jou nan pwogram lan, yo bay pwopriyetè ki gen yon imèb ki gen 20 lojman oswa mwens priyorite. Aprè 45 jou y ap trete demann tout pwopriyetè ki elijib yo sou baz moun ki te la anvan toutotan gen fon ki disponib.

Dapre pwogram ERAP lan, mèt/pwopriyetè lojman kote lwaye fwaye lokatè a limite ak yon pousantaj nan revni fwaye a ka mande yon èd, men yo p ap analize demann yo a toutotan yo poko egzamine tout lòt demann yo epi y ap resevwa yon asistans sèlman si gen fon ki rete disponib.


Avantaj

Pwopriyetè ki apwouve pou LRAP yo ka resevwa:

  • Jiska 12 mwa aryere lwaye pou lwaye ki kòmanse akimile apati premye mas 2020.

Nòt, LRAP p ap peye èd pou mwa lwaye ki poko rive oswa aryere sèvis piblik.


Demann Pwopriyetè ak Lis Dokiman yo

Pwopriyetè ak mèt kay yo gen pou bay dokiman sa yo lè y ap fè demann LRAP la:

  • Fòmilè fiskal W-9, ki dwe antre lè y ap mete enfòmasyon sa yo sou Kont Pwopriyetè a sou pòtay LRAP la.
  • Prèv ke se yo ki mèt kay la voye enfòmasyon sa yo sou Kont Pwopriyetè a sou pòtay LRAP la.
  • Kontra ki siyen ak lokatè a, oswa si pa gen kontra ki ekri, yon chèk ki anile, yon prèv transfè lajan oswa tout lòt dokimantasyon pou dènye pèman konplè lwaye mansyèl la. Voye ale paj kontra a ki gen adrès lojman an, lokatè ki sou kontra a, obligasyon lwaye pa mwa a ak paj siyati a.
  • Voye ale yon fòmilè konfimasyon lwaye mansyèl oswa yon rejis ki idantifye montan lwaye a pa mwa pou dokimantasyon lwaye lokatè a pa peye a. Pa mete pèman ki pa gen rapò ak kòb lwaye a tankou frè anreta oswa frè pakin.
  • Bay Enfòmasyon bankè yo atravè enfòmasyon depo dirèk yo sou Kont Pwopriyetè a sou pòtay LRAP la.
  • Si sa aplikab, yon afidavit pwopriyetè a oswa yon akò ki siyen ki deziyen konpayi/ajan jesyon imobilye a antanke benefisyè otorize pou fon LRAP la.
  • Pwopriyetè a oswa yon konpayi jesyon imobilye otorize ap gen pou yo siyen fòmilè demann lan ak atestasyon ki asosye ak sa yo ki sètifye ke enfòmasyon yo bay yo, tankou montan dèt aryere lwaye yo egzat epi yo pa doubli yon lòt pèman nan yon lòt pwogram. Yo dwe bay dat pwopriyetè a te kontakte lokatè a pou patisipe nan ERAP si demann lan se pou yon lokatè ki toujou ap viv nan lojman an.

Pwopriyetè a oswa konpayi jesyon imobilye ki otorize a dwe aksepte tou kondisyon sa yo antanke kondisyon akseptasyon pèman aryere lwaye yo:

  • Pèman ERAP la reponn ak tout obligasyon lwaye lokatè a pou peryòd pèman an kouvri an.
  • Renonse ak tout frè pou dèt aryere lwaye ke pèman ERAP la kouvri.
  • Si fwaye a ap viv nan moman an nan lojman an, pa ogmante kòb lwaye a koute pa mwa a pi wo pase kantite kòb li te ye pa mwa a pandan demann LRAP pou mwa yo resevwa asistans pou lwaye a epi pandan yon lane apre pèman LRAP la.
  • Ke li te kontakte fwaye lokatè aktyèl la pou pi piti twa fwa, pami yo, de (2) alekri pou ankouraje yo patisipe nan ERAP.
  • Si fwaye a ap viv nan moman an nan lojman an, pa mete fwaye yo fè pèman ERAP la sou non l lan deyò paske kontra a ekspire oswa paske yo rete nan espas la yon lane apre pèman ERAP la. Yon eksepsyon pou egzijans sa nesesè si lojman an gen kat apatman oswa mwens epi pwopriyetè a oswa manm fanmi imedya li gen entansyon pou vin rete imedyatman nan lojman an antanke rezidans presipal.


Resous - LRAP

FAQ sou LRAP


Kontak

Lendi rive samdi apati 8 è nan maten pou 7 è nan aprèmidi.

Kontakte nou pa telefòn:
844-NY1RENT (844-691-7368)
pou moun ki pa tande byen yo, nimewo telefòn TTY: 1-833-843-8829.

Kontakte nou sou Webchat:
Pale ak yon reprezantan

Sinyale yon Fwod nan Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo
Pou w siyale yon fwod nan Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans pou Pwopriyetè yo nan Eta New York ranpli epi voye ale Fòmilè Deklarasyon Fwod pou Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo.

Akomodasyon Rezonab
Gen Akomodasyon rezonab pou moun ki andikape ki disponib. Tanpri di nou si ou bezwen yon akomodasyon rezonab pou w aplike pou LRAP. Egzanp akomodasyon rezonab ki disponib yo gen ladan yo èd pou demann LRAP la, Jwenn dokiman yo nan yon lòt fòma tankou bray, fichye odyo (CD), fòma done (Fichye ki aksesib ak lektè ekran sou CD) ak gwo karaktè (polis 18) sou demann oswa relè kominikasyon TTY.

Pou w mande yon akomodasyon rezonab, tanpri kontakte sant apèl la nan 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368). Si ou pa tande byen, yon nimewo telefòn TTY disponib lè w rele 1-833-843-8829.

Ou ka mande yon akomodasyon lè w voye yon imèl bay accessibility@otda.ny.gov.

Bezwen èd?

Ou ka kontakte Sant Apèl Kliyan nou an nan: 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368)