The official Emergency Rental Assistance Program for New York State

Byenveni nan Pwogram Asistans pou Ijans Eta New York (ERAP)


Biwo Asistans Tanporè ak Andikap la bay


Kouman pou aplike

Madi 6 Fevriye 2024, Mizajou Enpòtan pou Moun Ki Aplike pou ERAP yo


Tanpri fè anpil atansyon avèk sitwèb ki pa fyab sa yo ki pretann y ap kolekte enfòmasyon ERAP nan non Eta Nouyòk la. Si w bezwen gen aksè ak kont ERAP ou a, itilize sèlman pòtay ofisyèl ERAP Eta Nouyòk la (https://nysrenthelp.otda.ny.gov/en/). Tanpri fè anpil pridans epi evite pataje enfòmasyon pèsonèl sou sitwèb ki pa otorize yo.

Pou tout kesyon adisyonèl, tanpri konsilte lyen Contact Us (Kontakte Nou) la ki twouve l anba paj la.

Yo p ap aksepte demann ERAP Eta New York yo ankò.

Aplikasyon yo te soumèt anvan pòtay aplikasyon an te fèmen nan dat 20 janvye 2023 a, ansanm ak aplikasyon pou lokatè lojman yo sibvansyone yo kote lwaye a limite a yon sèten pousantaj revni yo (ki gen ladan l lojman piblik yo, seksyon 8 ak FHEPS), yo ap revize epi yo ap kontinye trete yo nan lòd yo te resevwa yo a, annakò ak Lwa Eta a epi règleman pwogram yo.

Pou demann y ap tann yo, lokatè ak pwopriyetè yo ka kontinye telechaje dokiman yo mande yo sou Pòtay ERAP la.

Prestatè sèvis jiridik yo toujou ap ede lokatè yo ak pwopriyetè yo ranpli aplikasyon ERAP yo. Yo kapab bay aksè ak entènèt, ede w voye dokiman ale, epi reponn lòt kesyon ou ta ka genyen: Sèvis Jiridik Gratis.

Y ap refize demann ki vin annapre sa yo sou pòtay ERAP la:

  • HFwaye ki genyen yon revni ki siperyè ak 80 % revni mwayen rejyon an
  • Fwaye ki te deja benefisye 12 mwa èd nan men ERAP pou mwa lwaye yo te dwe
  • Fwaye ki ap viv nan kominote sa yo kote ki gen revni yo ki rive jiska 80 % revni mwayen rejyon an, p ap patisipe nan pwogram ERAP Leta New York la. Fwaye yo dwe fè demann yo a atravè pwogram lokal yo a. Lis sa a ka modifye epi chanjamn yo ap note sou sit entènèt OTDA a.

    • Vil Hempstead
    • Vil Islip
    • Vil Oyster Bay

Notifikasyon ki konsène demann pou fwaye ki gen revni yo ki siperyè ak 80% revni mwayen anyèl la (AMI)

Pwogram ki finanse pa Leta pou fwaye ki gen revni yo ki siperyè ak 80 pousan epi jiska 120 pousan revni mwayen rejyon an te fèmen pou nouvo demann depi 14 fevriye 2022 a.


Ki Kote Ou ka Resevwa Yon Èd Imedya

Fwaye ki bezwen yon asistans imedya pou peye mwa lwaye ki pase deja, lwaye aktykèl, manje oswa èd pou chofaj ka mande asistans atravè:

  • Biwo lokal depatman sèvis sosyal yo a.
  • Pou zòn ki pa nan vil New York la, yo ka mande sa anliy sou: myBenefits
  • Liy asistans United Way Helpline, ki genyen aksè ak divès sèvis lokal nan tout Eta a. Ou ka jwenn yo pa telefòn lè w konpoze 211
  • Abitan vil New York ka jwenn enfòmasyon sou divès sèvis lokal lè yo rele 311 oswa sou sit ACCESS HRA.

Pwoteksyon Lokatè yo

Tanpri refere w ak ERAP FAQ's pou esplikasyon sou pwoteksyon lokatè ki asosye ak ERAP yo.


Telechaje Dokiman Lokatè yo Verifye Estati Demann nan

Pou Pwopriyetè yo


Gen de pwogram kote yon pwopriyetè ka patisipe: Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans ak Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo.

Pwogram Asistans pou Lwaye an Ijans:

Pwogram sa bay asistans ak fwaye ki genyen yon revni ki fèb ak modere ki riske vin sanzabri oswa gen ki gen enstabilite nan koze lojman ki ap bay reta pèman lwaye, pwogram lan bay yon asistans tanporè pou lwaye epi yon asistans pou reta pèman sèvis piblik yo. Pwopriyetè yo paka aplike nan ERAP san patisipasyon lokatè yo. Pou plis enfòmasyon, konsilte chak grenn lyen sa yo:

Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè yo:

4 Out 2023 Mizajou Enpòtan nan LRAP

Yo pa aksepte demann pou Pwogram Asistans pou Lwaye pou Pwopriyetè (LRAP) yo ankò. An akò ak Lwa Leta a, OTDA ap trete tout demann LRAP yo pou pwopriyetè yon imèb 20 lojman oswa mwens ki te soumèt anvan dat kloti demann LRAP 21 novanm 2021 an.

Akoz kantite demann yo resevwa yo, OTDA pou kounya sèlman an mezi pou li trete demann pwopriyetè bilding ki gen 20 lojman oswa plis yo ki te soumèt apati oswa nan dat 18 novanm 2021.

Pwopriyetè ki te deja soumèt yon demann konplè yo ka toujou gen aksè ak kont yo a epi revoye tout dokiman ki nesesè yo. Y ap mete notifikasyon sa a ajou si vin gen fon anplis ki disponib pou peye demann elijib pwopriyetè bilding ki gen 20 lojman oswa plis yo ki te soumèt aprè 18 novanm 2021.

Yo p ap evalye elijibilite pwopriyetè lojman kote lwaye fwaye lokatè a limite ak yon pousantaj nan revni fwaye a, toutotan yo poko egzamine tout lòt demann yo epi y ap resevwa yon asistans sèlman si gen fon ki rete disponib. Kategori lojman ki konsène yo se sa yo: Lokatè ki benefisye yon koupon pou lojman nan seksyon 8 la, yon koupon nan seksyon 8 la ki baze sou yon pwojè oswa sa ki rezide nan yon lojman piblik oswa nan lòt sitiyasyon lojman oswa kote lwaye a limite ak yon pousantaj detèmine nan revni yo.

LRAP bay asistans ak pwopriyetè ki gen lokatè yo ki kite apatman yo nan Eta New York la ak mwa lwaye ki pa peye oswa pwopriyetè ki genyen yon lokatè ki gen mwa lwaye ki pa peye ki ap viv nan yon apatman nan Eta New York epi ki refize fè yon demann ERAP.

Pou w enskri nan youn oswa lòt nan pwogram sa yo, pwopriyetè yo dwe enskri ak yon kont epi ranpli yon fòmilè W9.

Enskri la!

Ou bezwen Asistans?


Opsyon Sèvis Lib yo disponib lè ou enskri pou yon kont.
Enskri la!

Si ou bezwen asistans pou ranpli demann nan, tanpri rele sant apèl nou an nan 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368).
Kontakte Nou

Gen amenajman rezonab pou moun ki andikape ki disponib.
Amenajman Rezonab

Plis opsyon sèvis endepandan ki disponib si ou Konekte Kounye a! Ou pa gen yon kont? Enskri la a!

Bezwen èd?

Ou ka kontakte Sant Apèl Kliyan nou an nan: 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368)