The official Emergency Rental Assistance Program for New York State

Kijan pou aplike pou ERAP

Enfòmasyon pou Lokatè yo - Lis Tout Dokiman ki Nesesè

Pwogram Asistans nan Lwaye pou Eta New York (ERAP) ede fanmi kalifye ki anreta nan peman lwaye yo ki gen difikilte finansye akòz COVID-19 epi ki arisk pou vin sitiyasyon sanzabri oswa enstabilite lojman.

Lè lokatè yo ap aplike y ap bezwen bay:

  • Idantifikasyon pèsonèl pou tout moun ki nan kay la. Men kèk nan fòm idantifikasyon ki akseptab: Yon ID ki gen foto, lisans chofè, oswa ID gouvènman bay ki pa lisans chofè, paspò, Kat yo bay pou EBT/Avantaj, batistè oswa sètifika batèm, enskripsyon lekòl, oswa lòt ID gouvènman bay.
  • Nimewo Sekirite Sosyal nenpòt moun nan kay ki te resevwa youn.
  • Prèv kantite lajan pri lwaye a, kontra lwaye ki siyen, menmsi li ekspire. Si kontra lwaye a pa disponib lè sa a ou kapab montre prèv la nan yon resi peman lwaye a, yon chèk oswa chèk postal (money order) anile. Si dokiman pa disponib, n ap aksepte atestasyon pwopriyetè kay la.
  • Prèv adrès ak prezans nan kay la – Kontra lwaye ki siyen, resi lwaye, bòdwo sèvis piblik, dosye lekòl, etadkont labank, kourye lapòs ki gen non aplikan an, bòdwo asirans, oswa lisans. Prèv yo ta dwe ajou.
  • Prèv revni pou note kalifikasyon dapre revni:
    • Dokiman ki montre revni mansyèl pou mwa anvan an , tankou souch peman, verifikasyon depo etadkont labank, lèt avantaj pou chomaj, oswa lòt prèv;
    • Dokiman ki montre revni anyèl ou pou ane 2020, tankou yon fòm taks W-2 patwon ou te ba ou, yon etadkont salè ou, oswa yon kopi fòm deklarasyon taks sou revni ou ranpli tankou fòm taks 1040, 1040EZ, 1099 oswa lòt prèv revni anyèl ou pou ane 2020.
    • Nou aksepte atestasyon pèsonèl revni nan sèten sikonstans kote pa gen dokiman ki disponib tankou travay endepandan.
    • Kopi bòdwo sèvis gaz oswa sèvis elektrik, si ou aplike pou ede ou peye pou aryere oui dwe nan sèvis piblik yo pou menm inite lokasyon fanmi an mande aryere pou lwaye a.

N ap mande aplikan yo pou yo konfime nan dat 13 mas 2020 oswa apre, yon moun nan kay la te resevwa avantaj pou chomaj oswa te gen yon rediksyon nan revni fanmi an, te fè gwo depans, oswa te gen difikilte finansye, yon fason dirèk oswa endirèk akòz pandemi COVID-19. Aplikan yo ap bezwen siyen fòm aplikasyon an ak sètifika asosye pou endike enfòmasyon yo bay nan aplikasyon an se enfòmasyon ki egzat.


Enfòmasyon pou Pwopriyetè Kay yo ak Mèt Pwopriyete yo - Lis Tout Dokiman ki Nesesè

Pwogram Asistans nan Lwaye pou Eta New York (ERAP) ede fanmi kalifye ki anreta nan peman lwaye yo ki gen difikilte finansye akòz COVID-19 epi ki arisk pou vin sitiyasyon sanzabri oswa enstabilite lojman.

Lè pwopriyetè kay yo ak mèt pwopriyete yo ap bezwen bay:

  • Fòm taks W-9 ki Ranpli, Demann Nimewo Idantifikasyon ak Sètifika Kontribiyab.
  • Kontra lwaye ki egzekite avèk aplikan lokatè, oswa si pa gen kontra lwaye ki ekri, yon chèk anile, prèv transfè lajan oswa lòt dokiman dènye peman lwaye mwa a okonplè.
  • Dokiman lwaye lokatè a dwe (egzanp gran liv, elatriye) oswa atestasyon sou aplikasyon, tankou kantite mwa lokatè a dwe aryere yo.
  • Enfòmasyon operasyon labank pou resevwa peman depo dirèk.

Mèt pwopriyete oswa yon konpayi jesyon otorize pral gen obligasyon pou siyen fòm aplikasyon an ak sètifika asosye yo pou endike enfòmasyon yo bay yo, tankou kantite lajan lokatè a dwe nan aryere yo pou peman lwaye a, se enfòmasyon ki egzat epi yo pa double yon peman lokatè a resevwa nan yon lòt pwogram.

Mèt pwopriyete a oswa konpayi jesyon pwopriyete a dwe dakò tou avèk modalite anba la yo kòm yon kondisyon pou aksepte peman aryere yo nan lwaye a:

  • Peman ERAP satisfè tout obligasyon lwaye lokatè a pou peryòd tan peman an kouvri.
  • Anile nenpòt frè reta lokatè a dwe sou nenpòt aryere lwaye ki kouvri avèk peman ERAP.
  • Pa ogmante kantite lajan lwaye a pa mwa sou kantite lajan lokatè a dwe nan moman aplikasyon an pou asistans ERAP pou mwa lokatè a resevwa asistans nan lwaye a epi pou yon ane apati lè pwopriyetè kay la resevwa peman ERAP.
  • Pa degèpi fanmi an peman an fèt sou non li pou rezon kontra lwaye ki ekspire, oswa lokasyon ki gen peman anreta pou yon ane apati lè pwopriyetè kay la resevwa peman ERAP. Yon eksepsyon nan kondisyon sa a dwe fèt si inite lojman an gen kat oswa mwens inite epi mèt pwopriyete a oswa manm fanmi pwòch mèt pwopriyete a gen entansyon pou vin abite nan inite a imedyatman pou itilizasyon kòm adrès prensipal.


Resous - ERAP

ERAP FAQs - Kesyon yo poze souvan

Bezwen èd?

Ou ka kontakte Sant Apèl Kliyan nou an nan: 1-844-NY1-RENT (1-844-691-7368)